Mizajou: 25 septanm 2026

Règ konfidansyalite

Paj sa a eksplike ki enfòmasyon Konesans AI kolekte sou ou, poukisa nou bezwen yo, ak kiyès ki wè yo. Nou ekri l an lang klè paske ou dwe ka konprann sa w ap dakò avè l.

1. Ki done nou kolekte

  • Kont ou: non ou ak adrès imèl ou. Se ou menm ki bay yo lè w enskri.
  • Aprantisaj ou: kou ou enskri ladan yo, chapit ou fini, rezilta quiz ou yo, ak nòt ou ekri pou tèt ou.
  • Kesyon ou poze asistan an: tèks kesyon an ak repons lan, pou ou ka jwenn yo ankò nan chapit la.
  • Pou pwofesè yo: kou, dokiman PDF, imaj, tèks odyo ak foto yo mete sou platfòm nan, ak enfòmasyon peman pou retrè yo.
  • Acha ou yo: ki kou ou achte, konbyen ou peye, ak ki dat. Nou pa janm wè nimewo kat ou.
  • Done teknik: adrès IP ak kalite navigatè, sèlman pou sekirize kont ou epi limite abi.

Nou pa kolekte done sansib (sante, relijyon, opinyon politik) epi nou pa achte lis done sou ou nan men lòt konpayi.

2. Poukisa nou itilize yo

  • Ba w aksè ak kou ou enskri ladan yo epi sonje kote ou rive.
  • Montre pwofesè ou pwogrè ou, pou l ka ede w.
  • Reponn kesyon ou poze sou yon chapit.
  • Trete peman yo epi peye pwofesè yo.
  • Reponn ou lè w kontakte sipò, epi pwoteje platfòm nan kont fwod ak abi.

Nou pa vann done ou bay pèsonn, epi nou pa sèvi ak yo pou piblisite deyò platfòm nan.

3. Sa pwofesè ou wè

Pwofesè yon kou wè non ak imèl etidyan ki enskri, pwogrè yo nan chapit yo, ak rezilta quiz yo. Li wè kesyon etidyan yo poze asistan an san non, sof si li chwazi montre non yo nan paramèt kou a. Li pa wè nòt prive ou.

4. Entèlijans atifisyèl (AI)

Kèk fonksyon sèvi ak sèvis AI deyò platfòm nan. Men sa chak resevwa:

  • DeepSeek (sèvè yo ann Chin): lè ou poze yon kesyon sou yon chapit, nou voye kesyon ou, kontni chapit la ak kèk mesaj anvan yo. Nou pa voye non ou ni imèl ou. Pa ekri enfòmasyon pèsonèl nan kesyon ou yo.
  • Anthropic (Etazini): ede pwofesè yo prepare kou yo (eksplikasyon, quiz, enpòtasyon PDF). Li resevwa kontni kou a, pa done etidyan yo.
  • Google (Gemini, Etazini): fè vwa eksplikasyon chapit yo apati tèks pwofesè a valide. Li pa resevwa done etidyan yo.

Repons AI yo ka gen erè. Se kontni pwofesè a pibliye a ki gen dènye mo a.

5. Lòt sèvis ki travay pou nou

  • Clerk: jere koneksyon ak modpas ou. Modpas ou pa janm rive nan sèvè nou.
  • Stripe: trete peman yo ak retrè pwofesè yo. Enfòmasyon kat ou ale dirèkteman nan Stripe.
  • MongoDB Atlas: kote kont ou, pwogrè ou ak kesyon ou yo estoke.
  • Railway: kote aplikasyon an, dokiman yo ak odyo yo ap kouri.
  • Resend: voye resi ak imèl platfòm nan.

Nou ka oblije bay done si yon lwa oswa yon otorite jidisyè egzije sa. Nan ka sa a, n ap avèti w sof si lalwa entèdi nou fè l.

6. Cookies ak stokaj lokal

Nou sèvi ak yon cookie sesyon (Clerk) pou kenbe w konekte. San li ou pa ka rete konekte. Nou pa sèvi ak cookie piblisitè ni tracker twazyèm pati.

7. Konbyen tan nou kenbe yo

Nou kenbe kont ou, pwogrè ou ak acha ou toutotan kont lan louvri. Dosye peman yo, nou kenbe yo pou obligasyon kontablite. Si w efase kont ou, nou efase done pèsonèl ou epi nou kenbe sèlman sa lalwa mande.

8. Dwa ou genyen

  • Mande yon kopi done nou genyen sou ou.
  • Korije yon enfòmasyon ki pa kòrèk.
  • Mande nou efase kont ou ak done ou.
  • Retire konsantman ou nenpòt lè.

Ekri nou nan sipo@konesans.online. Nou reponn nan 30 jou.

9. Timoun

Konesans AI pa fèt pou timoun ki poko gen 13 an. Yon elèv ki poko gen 18 an dwe gen dakò yon paran oswa lekòl li. Si w se yon paran epi w kwè pitit ou kreye yon kont san dakò w, kontakte nou epi n ap efase l.

10. Chanjman ak kontak

Si nou chanje règ sa yo yon fason enpòtan, n ap avèti w pa imèl anvan chanjman an antre an vigè. Pou nenpòt kesyon: sipo@konesans.online. Gade tou kondisyon itilizasyon yo.