Teknologi · KreyòlDevlopè san kòd
Zouti IA yo konstwi yon aplikasyon an senk minit. Yo pa di w sa k pase apre.
Yo p ap di w kisa yon non domèn ye, ki moun ki gen dwa wè ki done, poukisa yon peman dwe konfime bò sèvè a, ni konbyen tout sa a ap koute w nan sis mwa.
Se egzakteman sa kou sa a fè.
Devlopè San Kòd se yon pakou konplè, an kreyòl, ekri pou yon debitan total: okenn eksperyans nan pwogramasyon pa nesesè. Ou pati a zewo, epi ou fini ak yon aplikasyon ki anliy — ak yon lyen ou ka voye bay nenpòt moun.
Se pa yon kou sou yon zouti. Se yon kou sou yon metye. Zouti yo chanje chak sis mwa; prensip yo pa chanje. Se poutèt sa ou ap aprann yon metòd: dekri → jenere → enspekte → teste → korije → pibliye. Metòd sa a mache ak nenpòt plafòm.
Avèk Freud Roberto Stimphil
9 modil · 31 chapit$20.00